Sou KashPaw

Plis pase yon pòtfèy mobil : efikasite, sekirite ak satisfaksyon kliyan gide chak desizyon nou pran.

ATOU NOU YO

Bati avni finansye Ayiti

Tranzaksyon sekirize, senplifye

KashPaw gen yon misyon klè : bay chak Ayisyen kontwòl finans li, dirèkteman nan men l. Gras ak yon teknoloji finansye modèn, nou ofri yon platfòm transparan epi sekirize pou tout tranzaksyon chak jou ou yo.

Nou repanse eksperyans sèvis finansye yo lè nou mete senplisite ak sekirite an premye. Paske konfò ak konfyans esansyèl nan jesyon lajan, platfòm nou an pran swen operasyon kouran ou yo san efò.

Poukisa chwazi KashPaw

  • Frè tranzaksyon ki ba

    KashPaw aplike youn nan frè tranzaksyon ki pi ba sou mache a, pou lajan ou travay pou ou.

  • Peman rapid

    Nou trete tranzaksyon ou yo san reta, pou ou jere pòtfèy ou fasilman.

  • Yon ekip asistans dedye

    Ekip nou an reponn keksyon ou yo epi akonpanye ou nan itilizasyon pòtfèy ou, ak yon sèvis atansyon ki pèsonalize.

Kontakte nou

Yon keksyon, yon sijesyon oswa ou bezwen èd ? Ekip nou an la pou koute w epi l ap reponn ou nan pi kout delè.