Tout sa pou w konnen sou Kashpaw

1. Kisa Kashpaw ye ?

Kashpaw se yon pòtfèy elektwonik (pòtfèy mobil) ki pèmèt ou fè tranzaksyon finansye sekirize : transfè, depo, retrè, peman faktè, elatriye.

2. Kijan mwen ka kreye yon kont Kashpaw ?

Telechaje aplikasyon KashPaw la epi antre nimewo telefòn ou. Apre sa, fè verifikasyon idantite a (KYC). Louvri kont lan gratis nèt.

3. Ki sèvis Kashpaw ofri ?

- Transfè lajan ant kont Kashpaw
- Peman faktè
- Depo ak retrè atravè yon rezo ajan
- Peman lakay komèsan patnè (pa kòd QR, pa egzanp)
- Rechaj telefòn (Digicel, Natcom)

4. Èske li sekirize pou itilize Kashpaw ?

Wi. Kashpaw mete mezi sekirite wo nivo pou pwoteje enfòmasyon finansye itilizatè yo.

5. Sou ki platfòm mwen ka itilize Kashpaw ?

Kashpaw disponib sou smartphone Android ak iOS atravè aplikasyon mobil li a.

6. Èske gen frè kache ?

Non. Kashpaw montre frè li yo klèman : ou ka wè yo anvan ou konfime tranzaksyon ou.

7. Kijan mwen ka mete lajan nan kont Kashpaw mwen ?

Ou ka rechaje kont ou atravè rezo ajan Kashpaw yo, kèlkeswa kote ou ye.

8. Ki kote mwen ka retire lajan ?

Gras ak rezo ajan Kashpaw yo ki gaye nan tout peyi a, ou ka retire lajan fasil.

9. Kijan pou peye faktè ak Kashpaw ?

Ou ka peye faktè ou yo depi aplikasyon an, nenpòt lè, san ou pa bezwen deplase, nan kèk etap senp.

10. Kijan pou kontakte Kashpaw si mwen gen yon pwoblèm oswa yon kesyon ?

- Adrès : 8 Rue Gabart, Petyon Vil, Ayiti
- Telefòn : +509 36 75 0808 / +509 33 44 0808
- Imèl : info@kashpaw.com